NÒT POU LAPRÈS POU YON PREMYE PA TOUSWIT NAN KRIZ PEYI A

Konpatriyòt dirijan politik yo ;
Konpatriyòt dirijan nan sektè prive ak komèsyal yo ; Konpatriyòt dirijan nan sosyete sivil la ; Konpatriyòt dirijan relijye yo ;
Konpatriyòt dirijan linivèsite yo, sendika yo ; Petwochalenndje yo ;
Konpatriyòt toupatou sou teritwa ak nan dyaspora ; Pèp Ayisyen,
Pouvwa leta yo fè bèk atè! Yo pa kapab asime ankenn nan misyon Konstitisyon peyi a konfye yo. Palè a, ministè yo, tribinal yo fèmen. Lekòl piblik tankou prive yo, Bank yo, magazen yo, tout fèmen nan majorite komin nan peyi a. Lopital yo paka reponn ak misyon yo pyès kote nan peyi a. Akoz sitiyasyon sosyo ekonomik ak politik peyi a, popilasyon an paka soti pou vake ak okipasyon yo, mizè a vin pi mal. Lapolis la prèske bay vag, polisye yo menm menase fè grèv.
Peyi a livre …
Wi Ayiti, Peyi nou renmen anpil la, sanble tèt koupe ak yon bato kaptenn nan ak manm ekipaj yo deside koule ak nou tout ladanl, paske yo pa kapab mennen li abonpò. Anpil frè ak sè nou ap tonbe chak jou anba bal, pèsòn pa janm di yon mo. Plis pase de (2) mwa depwi okenn mezi pa janm pran pou adrese kesyon kabiran an nan peyi a paske nan zòn ki pi rekile yo, gaz la ap vann tèt nèg.

Devan lemond antye nap afiche yon espektak ki pa reprezante valè istorik nou, ki pa fè fyète zansèt nou yo ak sa nou reprezante nan zye lemond. Lèn konsidere nou se premye pèp nwa ki fwape pye atè kont lesklavaj, ki ede anpil lòt peyi soti anba jouk kolon explwatè.
Soti nan bitasyon nou yo, pase nan ti vil nou yo , sou wout nou yo, nan kapital la, nan kèk gwo vil aletranje kote konpatriyòt nou yo ap viv, toupatou yo di fòk Prezidan Jovenel Moise DEMISYONE pou l fasilite li menm tou chanjman sistèm sa li di lap konbat la.
Pa gen tan pou pèdi ankò!
Tout aktè yo dwe mete yo dakò prese prese, sou yon sèl dokiman ki trase wout tranzisyon koupe fache ak leta piyajè kap alimante inegalite ak enjistis tout kalte nan peyi a.
Se poutèt sa, nou menm Majistra ki siyen nòt sa, nou pare poun patisipe e kontribye nan cheche jwenn solisyon ak kriz la. Nou pwofite mande ofisyèlman pou Konferans Episkopal la, Pote kole, Komisyon pasasyon pouvwa a, Altènativ la, Sekte demokratik la, Inivesitè yo, Sosyete Sivil la, Jenès peyi n, reprezantan Gwoup Mache kontre, Petrotchalenndjè yo, Pasrèl, Vodourizan yo, tout fos viv nasyon an poun chita ansanm poun finalize dokiman sa a.
Nou vle yon lòt Leta ak yon lòt sistèm kap bay MAJISTRA yo ak KAZEK yo mwayen pou yo travay kòm sa dwa, kap jwenn mwayen pou bay sèvis piblik de baz yo nan komin yo ak seksyon kominal yo. Yon sistèm kote pouvwa santral la pap sanksyone tout yon popilasyon nan yon komin paske yon majistra pa nan menm kan politik avè l. Wi, se sa nou Vle! Fòk chodyè a chavire paske l bouyi yon sèl bò! Fòk kolektivite yo sispann viktim prejije ak kapris mouche leta santral!

Nan lokazyon Santyèm anivèsè asasinay sòlda meriken te fè sou konpatriyòt Charlemagne Peralte ki tap goumen kont lokipasyon amerikèn, nou menm Majistra ki siyen nòt sa pare pou kanpe bò kote pèp la, nou angaje nou poun konstitiye yon veritab
FWON REZISTANS NASYONAL kont tout fòm lokipasyon etranje maske anba swadizan deplwaman lojistik pou èd imanitè.
Premye repons kriz imanitè a se rezolisyon kriz politik la pou reprann kontwòl teritwa nasyonal la pou ramne lòd, lapè ak estabilite politik pou ekonomi an ka reprann jarèt nan tout kwen peyi a.
Viv Ayiti
Ayibobo pou Zansèt nou yo !
Majistra Ki siyen Not sila:
Port au Prince, 3 novanm 2019
1. Rony Colin, Maire de Croix Des Bouquets
2. Ralph Youry Chevry, Maire de Port au Prince
3. Rosemila Petit Frere, Mairesse Arcahaie
4. Limongy Samson JEAN, Maire de Petit Goave
5. Ocxama MOISE, Maire Adjoint de Mirbalais
6. Marie Andrée Ruth THELUS, Mairesse de Saut D’eau
7. Gibson JOSEPH, Maire de Limbe
8. Nicolas DORVILUS, Maire de Saint Marc
9. Neil LATORTUE, Maire des Gonaïves
10. Yves METELLUS, Maire de Miragoane
11. Jean Claude Antoine, Maire Adjoint Hinche
12. François CORRELUS, Maire Adjoint de Kenscoff
13. Ernst Ais, Maire de Cavaillon
14. Rodely Carietane BALDE, Maire de Lascahobas
15. Denis CHERY, Maire Adjoint St Michel de l’Attalaye

16. Louise Marie MEDOR, Mairesse Adjointe de Mirbalais 17. Jean Junior AUGUSTE, Maire de La Victoire
18. Witny Succes, Maire Adjoint de Bainet
19. Ernso LOUISSAINT, Maire de Anse a Galet
20. Arold Therne, Maire Adjoint des Verettes
21. Richard Wilfrid GEFFRARD, Maire Adjoint de Petite Rivière de L’Artibonite 22. Dieuseul Robenson FONROSE, Maire de La Chapelle
23. Amilcar COSMEUS, Maire de Grande Saline
24. Joseph Naczius, Maire Adjoint Belladere
25. Joseph Estime Dupont, Maire St Jean Du Sud
26. Looligne Alexis, Mairesse Adjointe de Gros Morne
27. Berthold GEORGES, Maire de Bas Limbe
28. Leger Benel, Maire Adjoint de Pointe a Raquette
29. Nicolas VICTORIN, Maire de Pignon
30. Jn Claude F. VOLTAIRE, Maire de Port Margot
31. Gregory ETIENNE, Maire de Pilate
32. Rodriguez DEMOSTHENES, Maire de Petite Rivière de L’Artibonite
33. Jean Samuel JUSME, Maire Adjoint Grande Saline
34. Othniel RICHEMOND, Maire Adjoint de Desdunes
35. Jean-Raymond PIERRE-LOUIS, Maire de Port a Piment
36. Yves Marie Maurice CHATEAU, Maire Arniquet
37. Joanel Raymond, Maire de Terre Neuve
38. Guerline Eustache, Mairesse Adjointe Point a Raquette  source´ DG EDMOND CELADIEU-                               RADIO TELE RADICAL